Nou kraze
Nou blese
Nap kriye
La jounen,
Lan nuit tou !
Men pou nou,
Nou sèten
Demen se yon lòt jou
Kap vini ak lanmou.
Tout peyi kanpe !
Tout frè yo vle
Ayiti viv pi byen.
Jodi-a, nou konstate
Se volonte
Limanite
Pou li mache
Men dan lamen
Ak Ayisyen.
Yon pitit peyi-a
Ap di nou tout jodi-a
Mèsi anpil, mèsi !
Kèm ap soufri,
Men lan lapen-la
Gen yon fèm espwa !
Mèsi frèm yo
Mèsi sèm yo