Archive for December, 2008
Krik…Krak…
Lan Peyi Dayiti Toma, Lan tan lontan, si telman lontan ti konkonm tap goumen ak beregènn toujou, te gen yon ti fi ki te rele Lamèsi, li te rete lan yon ti kote fre, avek bel pye bwa, bel flè ; larivyè pat two lwen kay-li men lè manman’l bezwen fè manje, li setoblije voye’l lan dlo. Se sak fè, chak jou Lamèsi, te dwe ale lan sous.
Lamèsi te renmen ale lan dlo. Tout zanmi’l yo te konn ale lan sous-la tou. Se lè sa-a yo gen yon ti tan pou yo jwe, benyen, epi, rakonte ti koze-yo. Yo toujou yon kòlonn lan sous-la. Sete yon bel pwogram pou tout ti moun lan zònn-la ki pa te gen twòp bagay pou yo fè amizman.
Lamèsi te gen trèzan konsa, kè’l te konmanse bat pou yon ti gason lan vwazinaj-la yo te rele ti Djo ki te gen kenzan. Ti Djo te konn vin lan sous-la tou, men pa tout tan.Men li menm tou li vin gen koudèy pou Lamèsi. Se kon sa yon vin renmen.
Lè ti Djo vin pran dlo, li pwofite fè ti mache ak Lamèsi e pi fè ti pale. Lan sezon mango, yo manje mango ansanm, lè se epok zoranj, yo manje yo ansanm tou. Yo konn gen kenep ou swa zaboka. Lè yap manje zaboka, yo fè yon ti rete sou yon gwo roch lan rout-la pou yo akonpaye’l ak kasav. Yo pa janm chita twò lontan pou granmoun-yo pa joure yo paske yo pa tap dakò ak relasyon-an e yo tap bat-yo.
Se kon sa yon jou, yo fè ti chita sou roch-la ; men fwa sa-a se zoranj yo tap manje olye de zaboka ak kasab. Kelke grenn zoranj tonbe bo pye yo san yo pa bay-sa inpòtans.
Yon ti pye zoranj vin pouse la-a san Lamèsi pa fè atansyon a sa. Jou ale jou vini epi yon maten manman Lamèsi voye’l lan dlo pi bonè pou’l te gen tan tounen triye yon diri pou li. Se sak fè maten sa-a, Lamèsi te pou kont-li lan sous-la. Lè calbas li fin plen li prese ale pou diri-a. Lan rout, li kwaze ti Djo bò roch-la ki tap vin lan dlo. Li blye tout bagay pou’l pase yon moman ak lanmoure-li. Sal fè ? Li vide veso-a a tè pou’l tounen lan sous-la ak ti Djo. Dlo a tonbe sou ti pye zoranj-la ki te byen swaf, paske lapli te gen kek jou li pa te tonbe. Se lè sa-a Lamèsi wè zoranj-la. Li sonje lè li te rete sou roch-la fè ti pale ak ti Djo. Sete yon 31 desanm yon jou inpòtan lan tradisiyon peyi-a. Jou sa-a anpil moun ale benyen lan lanmè pou retire deven ansyen lanne-a e resevwa chans pou sa kap vini-an.
« Pye zoranj sa-a, map kontinye bay’l dlo. Toutotan lap grandi, lanmou lan kè nou ap vin pi fò. Ti Djo pap blye’m e mwen tou map toujou renmen’l. Se konsa li pale lan kè-li.
De ti moun yo grandi avek lanmou lan kè yo, toutotan zoranj-la ap pouse, jan Lamèsi te vle’l-la.
Lè ti Djo gen ventan, li santi fok li konmanse travay tout bon si poul fè zafè yon jou ak Lamèsi. Pat gen twop travay lan zònn-la. Li deside pati lan panyol ak koupè kann-yo.
Lamèsi kriye anpil, men li konprann bònn volonte ti Djo. Depi jou sa-a, chak fwa la prale lan dlo, li fè yon ti chita sou roch-la bò zoranj-la, pou’l sonje ti Djo. Lè li sot lan sous-la, li toujou pote yon lot calbas pou’l aroze plant-la.
Pye zoranj-la grandi epi yon jou li fleri. Kè Lamèsi te lou paske depi ti Djo te pati-a se selman de fwa li te retounen lan peyi-a. Lè Lamèsi wè flè-yo, li di :
“ Ti zoranj, mesi anpil wi pou kè kontan sa-a ou ban’m lan, san wou mwen ta pi tris toujou. Petet yon jou ti Djo avek mwen ka vin manje zoranj ou ka ban nou-an. ”
Lè sink lanne pase, Lamèsi vin pedi espwa, li pale konsa :
“ Ti Djo pa renmen’m ankò, li dwe jwen yon bel dominikènn cheve swa, li blye’m. ”
Li chita anba zoranj-la epi dlo kòmanse koule lan je’l. Li pa wè tou swuit ke ti Djo te deyè do’l. Li tande yon vwa ki di’l :
“ Pouki sa ouap kriye kon sa ? ”
Li sote epi li kouri leve kanpe, men ti Djo te deja kenbe’l lan de bwa’l. Pa gen bouch pou rakonte kè kontan de jèn jan yo. Menm zoranje-a souri ! Li montre kontantmen’l lè li fè premye zoranj li donnen-an tonbe lan mitan yo tou le de.
Plant-la te pòte chans pou yo, paske pa gen anpil Aysyen ki tounen lan peyi-a ak yon ti kòb. Ti Djo pa te retounen men vide epi li te rete fidel. Sa-a tou se te yon kalite rà pami gason. Yo marye, lè ti Djo mande paran Lamèsi konsantman-yo apre ke li fin pale ak paran pa’l tou. Men se anba pye zoranj-lan yo fè sèman pou yo rete ansanm.
Se depi jou sa-a tout moun ki bezwen gen chans, manje zoranj le 31 desanm epi yo simen grenn-yo. Depi grenn-yo leve afè moun-lan ap toujou mache. Gen de moun ki tann minwui pou yo plante, men, mwen pa kre lè-a inpòtan.
Se kon sa yo banm yon ti kout pye ki voye’m bò isit.
La traduction en français suivra pour la joie de mes lecteurs.
loading...
loading...
Popularity: 4%
www.monbeausapin.org
Vous donnerez la possibilité à des enfants d’avoir un beau Noël.
loading...
loading...
Popularity: 4%
loading...
loading...
Popularity: 5%
Je serai brève sur cette deuxième partie de mon récit. Sachez que Tony a pu utiliser une pièce mise à sa disposition quand nous sommes arrivés sur les lieux. Après avoir renoncé à son jus et mangé plutot mal que bien, le ciel lui a épargné l’inconfort de la voiture pour se changer. Une compensation appréciable vu tout ce qu’il avait déjà enduré et ce qu’il devait encore subir.
En fait, moi je digérais péniblement le mauvais état des routes, mais pour le reste c’était bien. J’ai pu visiter mes deux frères, jouir de la pluie et apprécier l’effort de ceux venus nous écouter. Rudolph était lui aussi content d’avoir tenu bon.
- “Un week-end réussi !” n’arrêtait-il de dire, et en effet il avait raison. Si nous nous étions découragés par le mauvais temps, nous ne serions pas partis et nous n’aurions pas eu la joie de la réussite.
Mais que restait-il a Tony ? Il faudrait le lui demander, car les deux vols, la pluie, les cahos qui l’envoyaient ballotés de chaque côté du véhicule ont eu raison de sa résistance. Cependant, la prochaine fois, je suis certaine qu’il sera le boute-en train du groupe et qu’il passera au camp des taquins pour s’amuser aux dépends de Rudolph !
loading...
loading...
Popularity: 1%



