Jodi-a se fèt tout manman
Gen lan yo kap jwenn flè
Gen lot yap bay konpliman
Ak kado, ak respè.
Men, manman andeyò yo
Konbyen nan nou kap sonje yo ?
Yap redi san kanpo,
Anba soufrans, anba kou.
Se yo ki pou charye dlo,
Lan jaden, yo la depi li jou,
Lan mache se yo ki la,
Lè yo mare tòkèt-la,
Chay-la dèyè san poze
Lajounen kon lan nuit, yo toujou dispoze
Pou pitit epi pou nonm ki la, pafwa.
Fanm peyi’m ! nou gen lafwa
Nou krè lan efò san rete
Pou piti nou gen manje
Pou yo konn li pou yo rive lwen.
Tankou nou, nan pwen.
Tout kè nou, tout trip nou
Se pou pitit nou yo, san anyen pou nou.
Nou pa chik, nou tou bònman
Men, tout bon vre nou se manman !
GD Star Rating
loading...
loading...
GD Star Rating
loading...
loading...
Popularity: 5%





Add A Comment